Zanmi mwen,
Se apre anpil priyè, anpil meditasyon ak anpil analiz ke mwen pran desizyon pou’m poze kandidati’m pou syèj Distri 2 ya nan Konsèy Dadministrasyon Edikasyon nan zòn’n nou an, Miami-Dade. Ki sak fè’m pran desizyon sa-a? Se paske mwen renmen ti moun nou yo, e paske mwen renmen kominote nou an tou. Mwen kwè jis nan fon kè’m, ke timoun yo ak lekol nou yo se pi gwo byen, pi gwo richès ke kominote nou an posede.
Mwen kon-nen bien kon-nen, tout bagay ki gen relasyon avèk kesyon lajan nan Distri skolè-ya, paske se pa moun kap di-mwen, mwen travay pèsonèlmam la dan yo; epi tou, nan tan ekonomik di sa-a, se eksperyans ki mèt kesyion an. Se mwen ki pi bon moun’ pou okipe pozisyon sa-a. Pouki sa mwen di sa ? Paske mwen gen preske 28 tan depi map travay nan lekòl ki nan lokalite Miami-Dade la, epi , en tan ke sitwayen bò isit-la, mwen te travay nan anpil lot domè’n , kote’m te fè prèv ke se moun serye tout bon. Pa bliye tou, mwen se ou gros teknisyen, nan fonksyon ki pi impòtan nan sistèm’nan: sè ke, metye’m se edikatè.
Li lè li tan pou ke, an tan ke kominote ki kominote tout bon, nou pran responsabilite nou nan zafè edikasyon piblik’la. Li lè li tan, pou nou sispan’n tan’n zot fè pou nou, sa nou kab fè pou tèt nou noumen’m. Se pou tèt sa, nan moman ke ap gen chanjman nan tèt inite skolè sa-a , se responsabilite sitwayen mwen ke’m pran, nan non pa mwen ak nan non nou tout, lè’m poze candidati’m pou pozisyon an nan Konsèy Dadministrasyon Lekol nan lokalite Miami-Dade-la .
Fòm di sa, chak jou, gen progrè ki fèt nan domèn’ n edikasyon la kay nou , men’m si peson’n pa rapote sa. Men an men’m tan, gen pwoblèm’ tou ke nou sipoze degaje nou kou Mèt Jan Jak, pou nou rezoud tout swit. Lè ma pran pos mwen nan Konsèy Dadministrasyon an, zafè lajan pwal gere korèkteman, mwen pwal fè ke tout man’m Konsèy la pwan responsabilite chèf yo, mwen pwal pran de mezi pou nou asire nou ke TOUT ti moun nou yo reyisi ; en plis, man’m Konsey la ap genyen pou yo ran’n nou kont, nou men’m rezidan yo, de travay ke nap voye yo fè pou Kominote ya nan Konsèy-la.
Mwen kwè tout bon, ke si nou mete tèt nou ansan’m, nou kab pote anpil bon chanjman nan jan nap edike ti moun nou yo, paske, yo gen dwa , pou yo jwen you bon edikasyon, e se bon edikasyon ki pwal fè yo genyen ou pi bèl vi pita. Fèm konfyans, kom Reprezantan nan Konsèy Dadministrasyon an, mwen pwal travay pou yo, e mwen pwal travay pou nou tou.
Se pou tèt sa, mwen vle rankontre nou tout, pan-nan pwosesis elektoral la pou nou kab ban mwen bon jarèt, paske se vwa nou yo pou ki voye’m monte nan Konsèy Dadminitrasyon Edikasyon nan lokalite Miami-Dade la. Mwen konte sou nou, nou mèt konte sou mwen tou !
Mwen remesye nou anpil e Mwen renmen nou tout ak tout kè mwen!
Vanessa Woodard Byers








